Pwezi Nwèl se lanmou…Faidrune Joachim
Nwel, se lanmou
Nwel, se yon souri,
Yon moman pou tout moun reyini.
Se kè ki klere tankou zetwal, Ak lespwa ki leve nan tout fanmiy ak
zanmi alantou.
Se bay san tann anyen,
Se pataje, konprann tout moun byen.
Yon akolad ki chaje chalè,
Nwel, se lanmou ki plen nan kè nou tout kote.
Se lajwa ki ranpli tout kay,
Se chante ki monte byen wo nan syèl la.
Yon pye bwa ki klere espwa,
Se lapè ki desann aswè a.
Nan yon krèch, li te fèt yon jou, Jezikri vin sovè tout moun pou tout tan toujou.
Limyè nan mitan fènwa,
Nwèl, se Bondye ki ba nou gras li anba
Iwa!
Commentaires
Enregistrer un commentaire
Nous sommes ravis de vous entendre ! Veuillez laisser votre commentaire ci-dessous et partager vos réflexions, questions ou idées avec nous. Votre opinion compte et contribue à enrichir la conversation sur notre blog.