Pwezi Nwèl se lanmou…Faidrune Joachim
Nwel, se lanmou Nwel, se yon souri, Yon moman pou tout moun reyini. Se kè ki klere tankou zetwal, Ak lespwa ki leve nan tout fanmiy ak zanmi alantou. Se bay san tann anyen, Se pataje, konprann tout moun byen. Yon akolad ki chaje chalè, Nwel, se lanmou ki plen nan kè nou tout kote. Se lajwa ki ranpli tout kay, Se chante ki monte byen wo nan syèl la. Yon pye bwa ki klere espwa, Se lapè ki desann aswè a. Nan yon krèch, li te fèt yon jou, Jezikri vin sovè tout moun pou tout tan toujou. Limyè nan mitan fènwa, Nwèl, se Bondye ki ba nou gras li anba Iwa!